한국   대만   중국   일본 
Pliton (planet) ? Wikipedya Aller au contenu

Pliton (planet)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Pliton

Pliton (senbol: ⯓[1] ak ♇[2] ) se yon planet tinen nen ki sitiye nan senti Kipe a (Kuiper). Nan pase a, li konsidere tankou denye planet ki ap vire otou etwal Soley nou an, men an 2006 linyon astwonomik entenasyonnal klase l tankou planet nen. Pliton se pwototip yon nouvel klas obje nan sistem sole a -- obje transneptinyen oswa plitowid .
Pliton prensipalman konpoze nan woch e glas metan . Dyamet li anviwon de twazyem dyamet Lalin nan. Yon jou sou Pliton dire 6,287 jou sou Late a. Li genyen twa (5) satelit  : Chawon , Niks (Nix), Idra (Hydra), Stiks (Styx) epi Kerberos .
Distans ant planet la epi Soley la chanje ant 29 e 49 inite astwonomik . Obit li enkline e eksantrik anpil. Li pa vire otou Soley la nan plan ekliptik , tankou tout lot planet yo, epi obit li pa preske sikile, tankou tout lot planet yo. Kidonk, pannan ant 14 e 20 an nan obit li, li pi pwoch Soley la pase Neptin . Men akoz eksantrisite obit Pliton, obit li pa janm kwaze obit Neptin nan.
Li dekouvri an 1930 pa Clyde Tombaugh apre Percival Lowell te predi planet la egziste. Li nonme apre bondye romen ki viv nan anfe epi apre Percival Lowell. Senbol planet la se ?.
Sonn espasyal New Horizons lanse an 2006 pou fe eksplorasyon sistem Pliton an. Li rive an 2015 apre yon vwayaj 6,4 miya kilomet.

Galri imaj yo [ modifye | modifye kod ]

Referans [ modifye | modifye kod ]

  1. JPL/NASA (22 avril 2015). ≪ What is a Dwarf Planet? ≫ . Jet Propulsion Laboratory . Retrieved 19 janvye 2022 .  
  2. John Lewis, ed. (2004). Physics and chemistry of the solar system (2 ed.). Elsevier. p. 64.  

Lyen deyo [ modifye | modifye kod ]