Lang franse
se yon lang ki vin tounen ansanm ak kreyol
lang ofisyel
Ayiti depi lane
1987
. Se lang natif-natal tout moun ki fet e ki elve nan
Frans
(
Ewop
),
Kanada
(
Amerik dino
),
Giyan franse
(
Amerik disid
) ak nan kek peyi
Afrik
.
Lang franse se yon
lang woman
. Lang
kreyol ayisyen
genyen anpil mo ladann ak sentaks ki soti nan lang franse. Gen anpil mo anndan li tou ki soti nan
Afrik
.
Lang franse a se yon lang woman. Sa vle di, se youn nan lang moden ki soti nan laten. Moun ki etidye lang yo konn divize istwa lang nan de (2) pati. Premyeman, gen istwa eksten oswa chanjman politik, sosyal, teknolojik, ou etnik yo ki te gen yon efe sou lang nan. Dezyemman, gen istwa enten oswa chanjman fonolojik e gramatik yo ki te rive nan lang nan pou kont li.
Avan
Jil Seza
te konki peyi a ki rele
Frans
jodi a, gen moun ki te konn pale lang kelt ki la. Women rele moun yo ≪ Gol yo ≫ (
Galli
nan laten) e peyi a te rele
Gol
(
Gallia
nan laten). Lang kelt moun sa yo te pale te gen enfliyans sou laten ki te pale nan Gol e li bay kek mo ak ekspresyon ki te antre nan franse ansyen an ki te develope. Se poutet sa gen kek mo franse ki gen orijin jemanik, ki pa soti nan laten an. Pa egzanp :
boue
≪ labou ≫,
mouton
≪ mouton ≫,
changer
≪ chanje ≫ e lot anko.
Apre twazyem syek la, yon seri de tribi jemanik te vin envayi Ewop oksidantal e gen kek nan tribi sa yo ki te vin rete nan Gol, oswa Frans. Youn nan tribi sa yo ki enpotan pou listwa franse se trib la ki rele Frank yo. Yo te telman enpotan, se nan non tribi sa yo te jwenn non peyi a (Francia/France/Lafrans) ak lang nan (francais/franse). E tribi gemanik sa yo te kontribye mo pou lang franse, tou :
garcon
≪ gason ≫,
blanc/blanche
≪ blan ≫,
hair
≪ rayi ≫, e lot anko.
Pi ta nan moyen aj la, lang franse a te resevwa yon paket mo nan men lot lang tankou noman, nelande, alman ba, ak angle, tou.
Yon powet italyen ki rele Dante mete lang woman ki te egziste nan epok li nan twa gwoup konsa :
nam alii oc, alii si, alii vero dicunt oil
. Sa vle di: Gen moun ki di
oc
, moun ki di
si
, e moun ki di
oil
. Konsa li klasifye lang ok (nan Lafrans disid), lang si (nan
Itali
,
Espay
e
Potigal
) ak lang oil (nan lot pati Lafrans). Li klasifye lang sa you selon fason you te geyen pou di ≪ wi ≫. Franse moden se lang oil ki te vin ofisyel. Se mo
oil
la ki te vin
oui
≪ wi ≫ nan franse moden.
Avan ane 1300, seten lengwis rele tout lang oil ansanm ansyen franse. Premye teks ki te ekri nan ansyen franse se Seman Estrasbou la (
Le Serment de Strasbourg
) ki te ekri nan lane 842. Poutan, avan ane 1539 yo te toujou konn sevi ak laten pou bagay ofisyel tankou gouvenman an ak tribinal la. Apre ane sa a, wa
Fransis I
te fe
L'
ordonnace de Villers-Cotterets
(lodonans vile-kotere) ki pwoklame se franse ki pral lang ofisyel nan peyi a. Le franse a pedi deklinezon ki te geyen nan laten vilge e apre yo fin chwazi youn dyalek pou li dyalek ofisyel, lingis yo rele l
mwayen franse
. Nan lane 1550, Louis Maigret te ekri premye grame franse a. An 1634
Cardinal Richelieu
te kreye
Academie francaise
a. Yo gen pou objektif prezeve lang franse ak kembe li net.
Pati nan setyem syek rive nan diznevyem syek, akozde
Syek de limye yo
(
Siecle des Lumieres
) ansam avek lefetke Lafrans te vin yon pisans enpotan, sa fe ke franse a vin yon
lingua franca
. Sa vle di li vin yon lang moun itilize pou yo kominike si yo pa soti menm peyi a. Wa Risi yo te konn li ak pale franse. Anpil moun nan lakou wayal pou
Katerin II
, rey ris te konn pale selman franse. Yo te we ris tankou yon lang pou moun pov.
Pati nan 17yem syek rive nan 19yem syek, tou, Lafrans te fe anpil kolonizasyon. Se poutet sa jodi a, gen plizye peyi ki pale franse e gen plizye dyalek. Gen kek moun ki soti Lafrans pou yo al nan
Kanada
tabli koloni
Nouvou Lafrans
(
Nouvelle-France
). Jodi a menm gen kote nan Kanada kote yo pale franse, notaman provens Kebek. Plizye peyi ann
Afrik
ak plizye zil tou, gen yon popilasyon ki pale franse pou premye oswa dezyem lang.
Jodi a, gen hinghang sou kesyon de prezevasyon de franse e lenfliyans angle, patikileman nan domen biznis, syans e kilti popile.
Menm jan ak
Academie francaise
a nan Lafrans, gen
Office quebecois de la langue francaise
a nan Kebek ki gen pou objektif prezevasyon lang nan. Yo menm, yo konsene avek franse kebekwa.
Nan lane
1697
, Franse yo ki tap viv
Ayiti
depi
1629
, vin okipe ofisyelman pati lwes
Sen Domeng
. Se apre Franse vin pran Sen Domeng e vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyol paret : Franse yo komanse komes esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avek esklav yo. Trete :
lang kreyol ayisyen
Seman Estrasbou
(
Sacramenta Argentariae
)
842
.
26 let.
Tri primaire
|
|
-
|
?
|
?
|
,
|
;
|
:
|
!
|
?
|
.
|
…
|
’
|
"
|
(
|
)
|
[
|
]
|
{
|
}
|
§
|
¶
|
Tri secondaire
|
Tri tertiaire
|
|
_
|
´
|
`
|
?
|
?
|
¨
|
. . .
|
…
|
'
|
‘
|
’
|
"
|
≪
|
≫
|
Suite de la table :
Tri primaire
|
@
|
*
|
/
|
\
|
&
|
#
|
%
|
°
|
+
|
±
|
÷
|
×
|
<
|
=
|
>
|
|
|
$
|
£
|
€
|
0
|
1
|
2
|
3
|
4
|
5
|
6
|
7
|
8
|
9
|
Tri secondaire
|
Tri tertiaire
|
Suite de la table :
Tri primaire
|
a
|
a e
|
b
|
c
|
d
|
e
|
f
|
g
|
Tri secondaire
|
a
|
a
|
a
|
æ
|
c
|
c
|
e
|
e
|
e
|
e
|
e
|
Tri tertiaire
|
a
|
A
|
a
|
A
|
a
|
A
|
æ
|
Æ
|
b
|
B
|
c
|
C
|
c
|
C
|
d
|
D
|
e
|
E
|
e
|
E
|
e
|
E
|
e
|
E
|
e
|
E
|
f
|
F
|
g
|
G
|
Suite de la table :
Tri primaire
|
h
|
i
|
j
|
k
|
l
|
m
|
n
|
o
|
o e
|
p
|
q
|
r
|
Tri secondaire
|
i
|
i
|
i
|
n
|
n
|
o
|
o
|
œ
|
Tri tertiaire
|
h
|
H
|
i
|
I
|
i
|
I
|
i
|
I
|
j
|
J
|
k
|
K
|
l
|
L
|
m
|
M
|
n
|
N
|
n
|
N
|
o
|
O
|
o
|
O
|
œ
|
Œ
|
p
|
P
|
q
|
Q
|
r
|
R
|
Suite de la table :
Tri primaire
|
s
|
t
|
u
|
v
|
w
|
x
|
y
|
z
|
Tri secondaire
|
u
|
u
|
u
|
u
|
y
|
y
|
Tri tertiaire
|
s
|
S
|
t
|
T
|
u
|
U
|
u
|
U
|
u
|
U
|
u
|
U
|
v
|
V
|
v
|
W
|
x
|
X
|
y
|
Y
|
y
|
?
|
z
|
Z
|
20 konson ː
bcdfghjklmnpqrstvwxz
6
aeiouy