Atik sa a se yon
eboch
.
ou kapab pataje konesans ou pandan w ap amelyore l (
Kijan ?
).
[1]
Pierre Theoma Boisrond-
Canal
, rele tou
Boisrond-
Canal
, ki fet
12 jen
1832
nan
Okay
(
Ayiti
) epi ki mouri
6 mas
1905
nan
Potoprens
, te yon
prezidan
Repiblik
Ayiti
.
Li fet twa (3) manda ː 19 jiye 1876 - 17 jiye 1879, 1e septanm - 16 desanm 1888 ak 26 me - 21 desanm 1902.
Pandan manda li yo, li te fe Ayiti yon gwo pouvwa ekonomik ak milite.
Neg nan Sid, Pierre Theoma Boisrond-Canal te fet yon 12 jen 1832 nan vil
Okay
. Papa li se Louis Auguste Adolphe Boisrond-Canal ak manman li se Marie Magdeleine Moreau. Li marye avek Marie-Claire Wilmina Wilson Phipps sou 10 fevriye 1877, pita avek Claire Regnier sou 16 desanm 1902. Li te gen dis (10) timoun.
Li te komanse yon karye milite pandan rey Faustin 1ye. Pandan prezidans
Fabre Geffrard
, li te yon ofisye soti 1858 rive 1867. Epi li te vin agrikilte pou yon kout dire.
Li komanse yon karye politik an 1870 le li vin senate nan
Potoprens
. Li reyeli nan menm pos sa a jiska 1875.
Moun pran lari, goumen, kraze, brize pandan revolt me 1875 yo.
Apre, li kouri kite peyi a ak li te viv nan egzil nan
Kinston
nan
Jamayik
pandan kek semen.
Le li retounen nan peyi a, li te nome, pa prezidan Michel Domingue, komandan lame nan depatman Lwes. Li vin yon manm enpotan nan gouvenman prezidan Domingue.
Jou ki te 23 avril 1876, li ranplase
Michel Domingue
tankou premye prezidan pou gouvenman pwovizwa, anvan ke li te vini finalman sou 17 jiye 1876, prezidan Ayiti a.
Konstitisyon 1867 bay li yon manda pou kat (4) ane.
Tansyon etranje ak nan politik paret akoz diferans ki genyen nan opinyon ant nasyonalis ak Pati Liberal nan palman an.
Apre yon deba wouledebo nan Chanm Depite yo sou 30 jen 1879 ki swivi pa chalbare nan Potoprens, nan koze chef Pati Liberal,
Jean-Pierre Boyer-Bazelais
, gentan jwe yon wol enpotan, li te de tout fason fondate e chef Pati Liberal. Byenke gouvenman an gen li te reyisi nan retabli lalwa e lod, Boisrond-Canal te demisyone 17 jiye 1879 kom prezidan, pa te rive ak yon medyasyon ant Pati Liberal e nasyonal. Prezidan apre a se te
Lysius Salomon
ki enstore yon prezidans otorite e solid. Apre demisyon li lan, li pati yon lot fwa egzile nan Jamayik. Li refize besetet devan prezidan Salomon ki gentan reyisi sa ke li vle reyalize, mete sou pye yon rejim prezidansyel otorite e estab san okenn respe e devwa bokot Sena a.
Tankou
Sylvain Salnave
, Boisrond Canal sete moun ki te tre popile. Tankou
Jean-Bertrand Aristide
, Boisrond Canal te ap telegide, te ap kontwole evenman yo ak distans. Tankou
Louis Etienne Felicite Lysius Salomon Jeune
, Boisrond Canal te debite bone nan manniganse politik yo nan peyi a.
Pierre Theoma Boisrond-Canal vin Prezidan Repiblik Ayti a pandan twa fwa : soti 19 jiye 1876 rive 17 jiye 1879, aktou 1ye septanm pou 16 desanm 1888 e pou 26 me rive 21 desanm 1902.
Reve pou li konsolide pouvwa l la, li pa t vin kenbe l pou li rive fe nonb tan l lan malgre plizye tantativ.
An 1888, yon revolt ranvese Salomon e kondamne li al nan egzil. Nan moman sa a, Boisrond-Canal retounen soti nan egzil apre fen prezidans Salomon sou 10 out 1888. Boisrond-Canal te renome Prezidan Ayiti a avek tit pwovizwa. Byenke li tante pou konseve pouvwa a, sena a ki pa te gen fave pou li negosye pou li ale. Anvan li kite prezidans lan, li chwazi siksese li e entwonize 16 oktob 1888,
Francois Denys Legitime
tankou nouvo prezidan Repiblik la.
Sou 26 me 1902, li te nome siksese
Tiresias Simon Sam
tankou nouvo prezidan Ayiti a. Men li dwe afwonte yon gwo opozisyon dirije pa ansyen alye li, jeneral
Pierre Nord Alexis
ki siksede li 17 desanm 1902 pa yon
koudeta
milite. Sepandan, prezidan
Alexis
pa te voye predesese li nan egzil e li kite li kontinye yon karye nan politik la.
Pierre Theoma Boisrond-Canal, yo konsidere li tankou youn nan plis moun ki enfliyanse Nonm politik yo pou istwa ayisyen nan. Mouche gentan domine sen lan ki pou
Fabre Geffrard
ak
Pierre Nord Alexis
.
Li mouri 6 mas 1905 nan Potoprens.
Alexis
pedi pouvwa kek ane pita an 1908. Ti fre li a,
Louis-Auguste Boisrond-Canal
te yon figi politik aktif nan lane
1908
tankou manm Komisyon pou lod piblik ak prezidan Dayiti pa enterim.
- ↑
Justin Chrysostome Dorsainvil, , Port-au-Prince, Procure des Freres de l'Instruction Chretienne, 1934, 402
p.
(lire en ligne [archive])
,
p.
308-313