Massillon Coicou

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Massillon Coicou
(an kreyol : Masiyon Kwakou)
Image illustrative de l’article Massillon Coicou
Nesans
Potoprens
Lanmo (ak 40 ane)
Potoprens Ayiti
Nasyonalite Ayisyen

Jean-Baptiste Massillon Coicou , rele Massillon Coicou (nan kreyol : Masiyon Kwakou), ki fet 9 oktob 1867 nan Potoprens epi ki mouri 15 mas 1908 , se yon powet, ekriven ak politisyen ayisyen.

Biyografi [ modifye | modifye kod ]

Massillon Coicou te fet 9 oktob 1867 nan Potoprens. Li te fe etid prime li nan Fre Lekol Kretyen (Freres des Ecoles Chretiennes) epi li fe etid sekonde li nan Lise Nasyonal nan Potoprens. Li te ekri pwezi, pyes teyat, ak teks, epi li te diplomat tou.  

Li te soti twa rekey pwezi, dram, teks ak yon woman ki pa te janm fin ekri, ki rele La Noire  (1905). [1]

Premye rekey la rele Poesies nationales (1892) ki trete plizye tem tankou revolisyon ayisyen an, istwa peyi a ak evenman ki te fe gwo enpak sou kreyasyon nasyon an. De lot rekey li te soti yo rele Passions ak Impressions (1903).

Massillon Coicou te ekri plizye dram sou istwa Ayiti a. Dram ki pi koni yo se L'Empereur Dessalines: Drame en deux actes en vers (1907) ki li reyalize nan lane 1906 pou komemore santyem anivese asasina Jean-Jacques Dessalines.

Nan lane 1908, lapolis nasyonal te egzekite li ansanm avek de (2) fre li yo poutet yo t ap oganize yon koudeta kont gouvenman Pierre Nord Alexis .

Zev li yo [ modifye | modifye kod ]

Pwezi [ modifye | modifye kod ]

  • 1892 ː Poesies nationales  (premye seri). Pari : V. Goupy et Jourdan, 1892; Potoprens : Imprimeri Panorama, 197-?; Potoprens : Presses Nationales d’Haiti, 2005.
  • Passions, primes vers d’amour et variations sur de vieux themes . Pari : Dujarric, 1903.
  • Impressions; reves des jours de treve (de la vingtieme a la trentieme annee) . Pari : Dujarric, 1903.
  • Complaintes d'esclave
  • Vertieres
  • Fefe president

Teks [ modifye | modifye kod ]

  • Le genie francais et l’ame haitienne . Pari : Librairie de la Renaissance Latine, 1904.

Dram [ modifye | modifye kod ]

  • 1896 ː Toussaint au Fort de Joux
  • 1901 ː L’oracle  (powem dramatik ayisyen). Pari : Ateliers haitiens.
  • 1904 ː Liberte . 1904. (pa janm pibliye)
  • 1905 ː L’Alphabet . 1905. (pa janm pibliye)
  • L’Empereur Dessalines  (dram nan de (2) zak nan ve). (2yem zak pyes teyat pa janm pibliye) Potoprens : E. Chenet, 1907 ; Potoprens : Fardin, 1988.

Woman [ modifye | modifye kod ]

  • 1905 ː La Noire .

Referans [ modifye | modifye kod ]

  1. Zavitz, Erin. “Encountering Creole Genesis in the Haitian Press: Massillon Coicou’s fin-de-siecle feuilleton La Noire .” La Espanola-Isla de Encuentros , eds. Jessica Barzen, Hanna Lene Geiger, Silke Jansen. Tubingen: Narr, 2015.

Lyen deyo [ modifye | modifye kod ]