Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Jean-Baptiste Massillon Coicou
, rele
Massillon Coicou
(nan kreyol : Masiyon Kwakou), ki fet
9 oktob
1867
nan
Potoprens
epi ki mouri
15 mas
1908
, se yon powet, ekriven ak politisyen ayisyen.
Massillon Coicou te fet 9 oktob 1867 nan Potoprens. Li te fe etid prime li nan Fre Lekol Kretyen (Freres des Ecoles Chretiennes) epi li fe etid sekonde li nan Lise Nasyonal nan Potoprens. Li te ekri pwezi, pyes teyat, ak teks, epi li te diplomat tou.
Li te soti twa rekey pwezi, dram, teks ak yon woman ki pa te janm fin ekri, ki rele
La Noire
(1905).
[1]
Premye rekey la rele
Poesies nationales (1892)
ki trete plizye tem tankou revolisyon ayisyen an, istwa peyi a ak evenman ki te fe gwo enpak sou kreyasyon nasyon an. De lot rekey li te soti yo rele
Passions
ak
Impressions
(1903).
Massillon Coicou te ekri plizye dram sou istwa Ayiti a. Dram ki pi koni yo se
L'Empereur Dessalines: Drame en deux actes en vers
(1907) ki li reyalize nan lane 1906 pou komemore santyem anivese asasina Jean-Jacques Dessalines.
Nan lane 1908, lapolis nasyonal te egzekite li ansanm avek de (2) fre li yo poutet yo t ap oganize yon koudeta kont gouvenman
Pierre Nord Alexis
.
- 1892 ː
Poesies nationales
(premye seri). Pari : V. Goupy et Jourdan, 1892; Potoprens : Imprimeri Panorama, 197-?; Potoprens : Presses Nationales d’Haiti, 2005.
- Passions, primes vers d’amour et variations sur de vieux themes
. Pari : Dujarric, 1903.
- Impressions; reves des jours de treve (de la vingtieme a la trentieme annee)
. Pari : Dujarric, 1903.
- Complaintes d'esclave
- Vertieres
- Fefe president
- Le genie francais et l’ame haitienne
. Pari : Librairie de la Renaissance Latine, 1904.
- 1896 ː
Toussaint au Fort de Joux
- 1901 ː
L’oracle
(powem dramatik ayisyen). Pari : Ateliers haitiens.
- 1904 ː
Liberte
. 1904. (pa janm pibliye)
- 1905 ː
L’Alphabet
. 1905. (pa janm pibliye)
- L’Empereur Dessalines
(dram nan de (2) zak nan ve). (2yem zak pyes teyat pa janm pibliye) Potoprens : E. Chenet, 1907 ; Potoprens : Fardin, 1988.
- ↑
Zavitz, Erin. “Encountering Creole Genesis in the Haitian Press: Massillon Coicou’s fin-de-siecle feuilleton
La Noire
.”
La Espanola-Isla de Encuentros
, eds. Jessica Barzen, Hanna Lene Geiger, Silke Jansen. Tubingen: Narr, 2015.